![]() |
|
Ki sa Jistis ak Lapè ye ?
Misyon ak aktivite priyoritèMen ki jan Estati Komisyon an ap defini misyon l genyen : - Etidye byen tout kesyon ki mare ak reyalite jistis ak lapè, sou pwen dòktrin ak pastoral, pou ede kretyen yo konprann kesyon sa yo pi byen, pou yo wè pi klè ki wòl yo ak devwa yo nan zafè jistis, devlòpman pèp yo, pwomosyon diyite ak dwa moun. - Chèche solisyon sou pwoblèm sa yo ki dakò ak lespri kretyen an. Komisyon yo dwe koute kretyen yo epi ranfòse aksyon yo. - Etidye Ansèyman sosyal Legliz la, fè moun konnen l, fè l pouse rasin nan sosyete a. - Rasanble etid sou devlòpman pèp yo, sou lapè, jistis, dwa moun parapò ak kilti yo ak mantalite yo, sou travay edikasyon an, kesyon moral yo, sityasyon sosyal ak ekonomik yo. Fè refleksyon lafwa. Gade ki jan pou ranfòse aksyon pastoral Legliz la ak angajman kretyen yo nan divès sityasyon yo, onivo lokal, nasyonal, entènasyonal. An Ayiti, Komisyon te chwazi divès priyorite ki pou fè misyon jeneral sa a vin konkrè : - Fòmasyon ak edikasyon konsyans moun yo nan zafè diyite ak dwa moun. Pou sa, Komisyon an òganize yon pwogram nasyonal fòmasyon ki mache nan tout komisyon yo, nan divès òganizasyon nan Legliz la ak pou reskonsab nan divès òganizasyon debaz. - Obsèvasyon vyolasyon dwa moun. Komisyon lokal yo ap òbsève sityasyon dwa moun yo anndan peyi a. Yo denonse vyolasyon yo, epi yo asiste viktim yo pou defann dwa yo. - Asistans pou viktim enjistis yo. Komisyon yo ap ede viktim yo k ap chèche jwenn jistis. - Rekonsilyasyon nan kominote yo. Anpil fwa, lè gen konfli, yo envite komisyon yo pou mete lapè ak antant nan kominote yo. |