Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Akièy Ki sa JILAP ye ? Kontak Kominike Ajennda Patnè nou yo Dokiman JILAP yo Ann diskite ansanm Lyen Version française
Rapò obsèvasyon sou vyolans nan zòn metropoliten an

Ki sa Jistis ak Lapè ye ?

Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè se yon enstitisyon Legliz katolik nan kad pastoral sosyal Legliz la. Se Komite direktè nasyonal la ansanm ak delege ki sòti nan tout dyosèz yo ki fòme Komisyon an.

An Ayiti, Komisyon Jistis ak Lapè (JILAP) a prezan nan plis pase 200 pawas ak nan tout 9 dyosèz yo. Sa vle di : Jistis ak Lapè se yon rezo ki byen chita atravè tout peyi a. Li genyen yon sekretarya nasyonal pèmanan.

Anvan tout lòt bagay, travay Komisyon an se defann diyite chak kretyen vivan. Sa fèt lè yo respekte dwa tout moun, epi lè chak moun ap fè devwa li.

Levanjil la ak Ansèyman sosyal Legliz la se de (2) zouti ki pa kapab manke nan travay li.


HSI | CEDH | Forum Citoyen | Intranet