Ki sa Jistis ak Lapè ye ?
JILAP ACHIPO
JILAP ACHIPO se ti non Komisyon Achidyosezen Jistis ak Lapè nan Pòtoprens. Komisyon nasyonal la se yon rezo ki gen kòm baz komisyon pawasyal yo ak 9 komisyon depatmantal
yo.
Jistis ak Lapè se yon enstitisyon Legliz katolik mete sou pye pou ede kretyen yo makonnen lafwa yo pi byen ak mesaj levanjil la pandan y ap pran
angajman batèm yo oserye. Li genyen yon sekretarya nasyonal, chak depatman tou genyen yon sekretarya. Nan Lwès, nan Achidyosèz Nou rele l JILAP ACHIPO.
Istwa JILAP ACHIPO
JILAP ACHIPO tabli nan Pòtoprens depi 1985. Se Monseyè François Wolff Ligonde ki te pran inisyativ la. Depi komisyon an la, li deja
patisipe nan divès aksyon pou lajistis epi lapè nan sosyete a, tankou ede nan reyalisazsyon ankèt sou gwo pwoblèm dwa moun nan Ba Plato
Santral, konfli tè nan Fonbatis, masak nan Site Solèy kote 50 moun te pèdi lavi yo, akonpaye moun ki viktim pandan koudeta 1991 lan.
Jounen jodi a, komisyon an antre nan divès aksyon k ap mennen anfavè dwa moun nan Achidyosèz
Pòtoprens lan.
Ki jan JILAP ACHIPO estriktire ?
JILAP ACHIPO genyen nan estrikti li :
- Asanble jeneral ;
- Komite Egzekitif ;
- Komite Direktè ;
- Sekretarya.
Ki moun ki manm Jistis ak Lapè ?
Komisyon an genyen ladan sitwayen tout laj, fi kou gason, pè, mè, layik. Yo tout angaje ladan li daprè lafwa yo pou nou kapab rive
nan yon sosyete ki pi kòrèk. Komisyon an rete louvri pou resevwa tout moun ki vle vin potekole pou yon sosyete ki pi kòrèk.
Ki espwa JILAP ACHIPO genyen ?
JILAP ACHIPO konte reyalize misyon li an kolaborasyon ak tout moun epi tout enstans ni nan legliz la ni nan sosyete a ki kwè travay
pou respè diyite moun se yon egzijans lafwa, se wòl chak kretyen vivan, se yon mwayen pou bati yon sosyete ki pi jis e ki pi kòrèk.
Tèks sou lòt dyosèz yo :
- Komisyon Dyosezen Jakmèl
- Komisyon Dyosezen Okay
- Komisyon Dyosezen Jeremi
- Komisyon Achidyosezen Kap Ayisyen
- Komisyon Dyosezen Fò Libète
- Komisyon Dyosezen Ench
- Komisyon Dyosezen Pòdepè
- Komisyon Dyosezen Gonayiv
|