Ki sa Jistis ak Lapè ye ?
Istorik
6 janvye 1967
Komisyon Jistis ak Lapè yo te kòmanse fleri nan Legliz la, apre Pap Pòl 6 te kreye yon premye Konsèy pontifikal Jistis ak Lapè pou
tout Legliz la nan dat 6 janvye 1967. Sa sete yon rezilta tout refleksyon Konsil Vatikan 2 te sòt fè. Legliz la te pran konsyans li
dwe prezan nan yon lòt fason nan tan n ape viv la.
Kè kontan ak espwa, kè sere ak laperèz moun yo genyen jounen jodi a, gason kou fi, sitou moun pòv ak malere yo, sitou sa k ap
soufri yo, se yo menm tou ki kè kontan ak espwa, kè kase ak laperèz disip Jezi yo. Pa gen okenn reyalite moun ap viv ki pa touche kè
yo. (Kè kontan ak espwa, 1)
Inisyativ Pap Pòl 6 te jwenn yon bèl repons nan peyi d Ayiti. Deja depi nan lane 1969, nou jwenn jefò k ap fèt pou mete sou pye
yon Komisyon Jistis ak Lapè pou Legliz d Ayiti a. Plizyè layik nan Legliz la te pote kole nan jefò sa yo.
1974
Komisyon Jistis ak Lapè nan peyi d Ayiti a te vin pi solid. Depi lè sa a, genyen yon ti gwoup santral, k ap òganize rankont
tanzantan ak delege ki sòti nan diferan dyosèz yo nan peyi a.
Nan epok sa a, Komisyon an pibliye
1976 : Si Jésus revenait cette nuit, ak Lalwa pwoteje malere (1976).
1977 : Onnè Respè, yon kòmantè sou Deklarasyon inivèsèl dwa moun (Bon Nouvèl, 1977). Komisyon an pibliye plizyè atik
nan jounal Bon Nouvèl.
Piblikasyon sa yo te ede pou fè moun konnen zafè dwa moun nan peyi a. Komisyon an te denonse lè yo t ap touye tout kochon kreyòl
nan peyi a. Li te fè yon seri reflekyon kritik sou tout kalte manifestasyon Legliz d Ayiti a t ap prepare nan okazyon Ane sou
Lekaristi ak Mari nan lane 1981-82.
1985
Komisyon an te vin pi ofisyèl ak pi òganize apre yo te òganize nan Legliz la yon sesyon nasyonal : « Jistis ak Lacharite nan
pastoral sosyal Legliz la ». Depi nan moman sa a, li genyen yon sekretarya pèmanan. Yon premye gwo travay nouvo sekretarya t ap
fè, sete òbsève travay Konstitiyant la t ap fè a epi li te fè òbsèvasyon referandòm sou Konstitisyon an nan lane 1987. Premye seri
Bilten Komisyon an te pibliye, t ap bay rapò sou avansman travay Konstitiyant la.
Pandan ane koudeta yo (1991-94), Komisyon nasyonal la te pami manm fondatè Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa
Moun (POHDH).
1996
Premye Kongrè nasyonal Komisyon an ki te fèt nan Jagzil (Fò Libète) te mete aklè bezwen ki genyen pou ranfòse komisyon lokal yo,
epi pou kreye plis inyon pami divès pwogram fòmasyon yo gras ak yon Plan nasyonal fòmasyon.
|