![]() |
|
Ki sa Jistis ak Lapè ye ?
Chapant JILAPKomite egzekitif nasyonal la Komisyon nasyonal Jistis ak Lapè a, ki se Komite egzekitif nasyonal la, genyen ladan l Biwo dirèkte a ak 2 delege pou chak dyosèz peyi a. Li reyini 3 fwa nan lane. Se li k pi gwo otorite Komisyon nasyonal la. Biwo direktè a Biwo dirèkte a ap reyini chak mwa pou voye je sou aktivite sekretarya pèmanan an ap mennen, epi li veye pou Komisyon an rete fidèl ak misyon l genyen. Asanble jeneral la Anplis, chak lane, Asanble jeneral Komisyon an ap reyini. Lè sa, dyosèz yo vini ak yon delegasyon ki pi enpòtan. Asanble jeneral la tande rapò dyosèz yo, epi li pwopoze yon plan daksyon pou lane k ap vini an. Komisyon yo nan dyosèz yo Chak dyosèz nan peyi a genyen pwòp Komisyon pa l ak yon sekretarya pèmanan. An gwo, yon dyosèz koresponn ak yon depatman jeyografik nan peyi a. Anpil pawas genyen yon komisyon pawasyal.
|