Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Akièy Ki sa JILAP ye ? Kontak Kominike Ajennda Patnè nou yo Dokiman JILAP yo Ann diskite ansanm Lyen Version française
Rapò obsèvasyon sou vyolans nan zòn metropoliten an

Rapò obsèvasyon sou Vyolans nan
Zòn metropoliten an

Pou kisa Jilap ap fè òbsèvasyon vyolans
nan zòn metwopoliten an ?

Poukisa Jilap ap fè travay sila a : Fè rapò sou kalite viktim ak vyolans ki genyen nan zòn kapital la ? Lide pou fè obsèvasyon sila a (kadav nan lari zòn metwopoliten an), te vini, lè n te kòmanse wè kadav nan lari Pòtoprens. Nou toujou sonje yon kadav pyès moun pa t ka idantifye nan ri Silvyo Katò. 24 trèdtan annapre, kò a te toujou la, chen te kòmanse manje l. Lapolis pa t gen tan reponn apèl nou te fè a. Sete yon moun yo te asasinen pou yon rezon nou pa janm te rive konnen. Epoutan, se yon moun li te ye. Yon moun ki mouri, yo sasinen nan lari. Li merite pou n sonje l, pou n kenbe memwa sikonstans lamò li, mezi nou kapab. Kidonk, travay sila a, se yon aktivite nan kad travay pou respè diyite moun. Se yon premye rezon pou n fè travay la.

Nou obsève tout vyolans ki fèt sou moun, pa sèlman vyolans ki genyen awè ak vyolasyon dwa moun, oswa lè se otorite a k ap fè vyolans la. Tout vyolans moun ap fè sou moun, se yon mank respè pou moun, se yon vyolasyon dwa li pou l viv. Se vre, lè se yon otorite ki sèvi ak pouvwa otorite l pou l pran lavi moun, sa pi grav toujou. Men, nou dwe denonse tout mank respè pou lavi moun, nenpòt kilès ki reskonsab dirèk zak la. An menm tan klima vyolans ki genyen an, dwe souke konsyans tout moun ki gen otorite nan peyi a, paske li gen kòm reskonsablite pou kreye yon klima ki fè zak sa yo pa fèt. Nou vle souke konsyans tout sosyete a ak travay sila a, louvri je tout moun sou reyalite vyolans ak klima enpinite tout yon sosyete ap evolye ladan. Se yon dezyèm rezon pou fè travay sila a.

Yon lòt rezon (twazyèm) toujou. Nan peyi a genyen anpil voye monte, gen imajinasyon k ap travay, gen mank presizyon sou sa k fèt vre. Enfòmasyon twò fasil tounen yon zouti nan kad yon batay politik. Li enpòtan pou n respekte laverite nan sa k ap pale a. Kèk egzanp: Chak krim nan peyi a, se pa yon krim politik, menm si li genyen enplikasyon politik; chak krim se pa yon masak ; lè n pa konnen ki moun ki te fè l, nou pa gen dwa sipoze se tèl oswa tèl gwoup. Men an menm tan, obsèvasyon mande pou n vre epi pou denonse sa k fèt ak tout fòs nou.

Yon katriyèm rezon. Nou konstate, genyen krim tout moun pale sou yo. Genyen lòt, apèn nou tande yo, oswa moun yo bliye yo byen rapid. Nan sektanm 2002 (premye ane obsèvasyon nou), nou te denonse yon krim yon gwoup zewo tolerans te komèt sou yon gwoup 7 timoun nan sant vil Potoprens. Lajistis pa t janm te fè okenn ankèt. Ki moun ki sonje evenman an toujou? Mèkredi 25 fevriye 2004, yo asasinen 18 moun ki te gen espwa ale Miyami sou klandesten. Tansyon politik yo nan moman sila a, fè pyès moun pa t pale sou evènman an. Pi fò moun pa janm te konnen sa k te pase sou Waf Jeremi an. Dapre sa n konprann, Leta poko louvri okenn ankèt sou evènman an. Epoutan, genyen moun ki kapab bay enfòmasyon kredib sou li. Pa t genyen anpil pale ki te fèt non plis sou kèk masak nan zòn Kafou, kèk jou apre prezidan Aristid kite peyi a. Eske se paske moun te pè reyalite politik la ki fè dram sa yo pa t kapab pale aklè ?

Travay sila a, se yon kontribisyon li ye tou nan lit kont enpinite nan peyi a. Chak ka lanmò ta dwe mete divès sektè Leta a an mouvman. Leta ki dwe respekte epi fè respekte lavi moun pa kapab kite yo touye moun, san pa gen ankèt ki fèt, san yo pa chèche konnen kilès ki koupab, san yo pa pini koupab yo pou pwoteje sosyete a pou lòt krim pa fèt nan peyi a toujou. Krim mache ak pakèt zam k ap sikile nan sosyete nou an. Lite kont krim se travay tou kont zam ilegal ki nan men tout kalite gwoup nan sosyete a.

Men diferan rapò nou yo :

  • 2008

  • 2007

  • 2006

  • 2005

  • 2004

  • 2003

  • 2002

Pou w resevwa gratis epi regilyèman piblikasyon nou yo, ekri yon mesaj nan adrès sila a publications-jilap@forumcitoyen.org.ht avèk kòm sijè "abonnement jilap" !


HSI | CEDH | Forum Citoyen | Intranet