Pòtoprens, 18 fevriye 2005
Mesaj Komisyon Jistis ak Lapè nan okazyon dezyèm dimanch tan karèm nan Legliz katolik
Nan okazyon dezyèm dimanch karèm nan, ki se dimanch nasyonal Jistis ak Lapè, Komisyon an voye bay manm li yo ak tout moun bòn
volonte yo ti moso mesaj sila a.
Tan karèm nan mete n sou wout fèt Pak, ki se fèt Lavi a, paske se lè sa nou fete Jezi ki leve vivan pami mò yo. Travay pou lavi, se travay pou genyen lapè ak sa k korèk nan mitan moun yo. Li mande pou tout moun patisipe, pou tout moun pran reskonsablite yo devan sityasyon n ap viv la. Li mande n vin pi sansib pou sa k pi fèb yo nan mitan n.
Jodi a, nan mesaj sa a, nou sonje moun ki nan prizon ak malad yo yon fason espesyal.
An n gade prizon ak gadavi yo nan peyi a. N ap viv yon epòk ki make ak anpil vyolans k ap fè anpil moun viktim. Otorite yo dwe
fèm ak tout moun k ap fè vyolans sou lòt, ak tout moun k ap pote zam yon fason ilegal. Men sitou, otorite yo dwe aji yon fason ki kòrèk, epi yo dwe aji yon fason ki dakò ak diyite ak dwa chak moun genyen nan sosyete a.
Nou wete chapo n devan tout manm PNH ak DAP yo ki fè devwa yo kòmsadwa parapò ak moun ki nan gadavi oswa ki nan prizon.
Epoutan, lè n gade kondisyon detni yo, nou blije leve vwa nou byen wo. Sa fè n mal, lè n tande nan ki kondisyon anpil sitwayen ap viv nan gadavi ak prizon yo nan peyi a. Prizon yo mal ekipe, yo pa genyen dekwa pou loje moun. Twòp moun ap viv nan yon espas ki pa fèt pou sa. Pafwa manke dlo ak manje, manke swen pou prizonye malad ak sa ki blese yo. Ankèt yo pa vanse, konsa gadavi yo tounen prizon pou jan yo kenbe moun anpil tan ladan l. Prizon yo pa ta dwe yon kote moun ap devlope santiman fristrasyon ak vanjans. Si pa gen respè pou moun ki nan prizon, prizon yo kab fè plis vanjans ak vyolans frape sosyete a denmen.
Men ki sa n panse:
Gadavi yo pa dwe yon kote y ap maltrete moun, jan sa konn fèt plizyè kote nan peyi a. Chak moun gen dwa pou kò yo respekte,
san yo pa maltrete yo.
Gadavi yo, menm jan ak tribinal yo, pa dwe yon kote yo pran lajan sou moun pou yo kab lage yo, jan sa konn fèt. Libète pa dwe
yon machandiz moun achte pou lajan.
Ankèt polisye ak jidisyè yo dwe fèt ak konpetans, yon fason pou yo abouti, san pa gen pèdi tan. Li pa nòmal pou moun rete tout
tan sa a nan prison, san ankèt yo pa fè yon pa annavan. Libète yon moun se youn nan pi gwo byen li genyen. Leta dwe òganize l pou
l kapab rann jistis san pèdi tan, yon fason pou moun ki inosan yo kapab jwenn libète yo.
Se yon gwo prensip lajistis ki di: yon moun ki pa kondane, sanse inosan, menm si genyen rezon ki ta fè yo kwè li koupab, ki fè yo blije kenbe l nan prizon annatandan yon jijman. (Deklar. Iniv. Dwa Moun).
Si leta kwè li nesesè pou kenbe yon moun pou fè ankèt oswa paske yo te jije l koupab, menm leta sa a reskonsab pou l aji ak li yon fason ki kòrèk e pou kenbe l nan kondisyon ki koresponn ak diyite l.
An n gade kondisyon malad yo ki bezwen lopital piblik. N ap viv yon epòk ki di anpil pou malad yo nan peyi a, sitou sa k malere, e ki depann de lopital piblik yo. Lopital Site Solèy te fèmen poutèt vyolans nan zòn nan, Lopital jeneral Pòtoprens ak lopital Okap te fèmen poutèt grèv medsen yo. Pwoblèm ki genyen ant divès fakilte k ap fòme dòktè, epi ant Ministè a ak fakilte prive yo, se malad yo ki te peye sa. Depi anpil tan, lopital piblik yo tou koute anpil lajan pou malere, tandiske yo ta dwe garanti dwa chak moun genyen pou jwenn swen lasante kòmsadwa lè l malad.
Nou wete chapo n devan tout travayè lasante k ap fè anpil jefò, ak tout fèb mwayen yo ba yo, pou lasante pa tounen yon privilèj pou sa k gen lajan sèlman.
Lè n gade sa malere yo nan peyi a ap sibi nan domèn lasante, nou blije leve vwa nou byen wo ak yo pou nou di:
Lopital piblik yo nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo ta dwe parèt kòm pi gwo priyorite pou Ministè Sante Piblik la
(Konstitisyon # 23).
Moun k ap travay nan sèvis leta yo, tankou nan sèvis lasante, dwe respekte tout byen leta yo tankou byen kominote a, yon byen
ki nan sèvis malad yo. Li pa nòmal pou toutan yo dwe rekòmanse òganize sèvis yo, kòmsi pa t kò genyen anyen anvan.
Sèvis lasante pa mande pou toutan genyen grèv k ap fèt ladan l. Si ta gen grèv kanmenm, fòk sèvis ijans yo fonksyone san fay,
pou yo pa mete lavi malere an danje.
Travayè lasante yo dwe sonje gwo obligasyon yo genyen pou pwoteje lavi moun nan tout sikonstans. Medsen yo dwe sonje yo menm
yo te prete sèman pou sa.
Leta dwe klè parapò ak politik sante l ap mennen an. Ki maladi leta pran anchaj? Eske se malarya? tibèkilòz? sida? Ki kote
ak nan ki kondisyon malad yo kapab jwenn sa yo bezwen? Ki kote ak nan ki kondisyon malad yo kapab fè egzamen ki nesesè epi jwenn
medikaman? Gouvènman an dwe klè sou politik l ap mennen an.
Bon jesyon, konpetans ak onètete fè pati respè moun merite jwenn pou dwa l yo.
Peyi n ap viv yon moman difisil pou tout moun. Legliz la antre nan tan karèm nan ak yon atansyon espesyal pou tout moun k ap soufri. Tout moun bòn volonte kapab konprann: moun nan prizon yo ak moun malad yo pami pi fèb sa yo ki nan mitan nou. Yo menm tou, se moun yo ye ki merite yo diyite yo ak dwa yo.
Komite Direktè Nasyonal Jistis ak Lapè
Pè Jean Hanssens, Direktè
|