![]() |
Mesaj Jistis ak Lapè Nasyonal nan okazyon Asanble Jeneral liPòtoprens, 19 janvye 2005 Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè te reyini nan Maryani Kay Mè Lasajès yo sòti 16 rive 20 janvye 2005. Anviwon 60 delege nan tout dyosèz peyi a te rasanble. Nou te koute avèk atansyon rapò delege dyosèz yo, epi nou te analize yo. Nou te reflechi sou sityasyon peyi a ap viv ladan l. Jodi a, nou wè nesesite ki genyen pou peyi nou an rekonsilye ak pwòp tèt pa l. Sa vle di : nou dwe chèche konnen kilès nou ye, ki fòs nou ak feblès nou, pou youn kapab rive asepte lòt, san youn pa chèche detwi lòt, san nou pa tonbe nan move sitirans. Tout sa mande transparans, verite ak renmen sa ki kòrèk. Men ki sa n konstate nan zafè dwa moun ak sekirite nan peyi a : anpil arestasyon kontinye ap fèt san manda. Moun yo arete yo rete nan prizon san yo pa jije yo jan lalwa mande sa. Kondisyon moun yo kenbe nan prizon ak gadavi pa bon menm : yo konn maltrete yo, pran lajan nan men yo pou yo lage yo, gen kote menm pa gen manje ak laswenyay. Nou pa ka bliye fason brital lapolis te antre nan penitansye nasyonal la nan dat 1 desanm 2004. Poutèt sa, Jistis ak Lapè denonse lantè ak koripsyon ki genyen nan sistèm lajistis la, ki ankouraje enpinite, koripsyon, fristrasyon, vyolans ak pèsekisyon nan sosyete a. Li konstate tout jefò lapolis ap fè pou konbat ensekirite ak vyolans, pandan n ap mande l tou pou l pi pwofesyonèl nan entèvensyon l yo, epi pou l respekte dwa chak moun genyen. Jistis ak Lapè pa konprann poukisa, aprè plis pase 4 mwa vyolans nan kapital la, gouvènman an toujou pa rive jwenn mwayen ak estrateji ki pèmèt tout elèv nan katye popilè cho yo benefisye pen lenstriksyon kòm sa dwa. Menm jan tou Jistis ak Lapè pa konprann gouvènman an toujou pa rive jwenn mwayen ak estrateji pou soulaje soufrans popilasyon an tankou grèv doktè nan Lopital jeneral nan Pòtoprens, ki pi gwo sant sante nan peyi a, ak nan lopital Jistinyen Okap. Jistis ak Lapè rekonèt pwoblèm ki genyen nan enstitisyon sa a, epi li fè sonje grèv dwe rete yon dènye mwayen pou yon gwoup moun revandike dwa yo. Konsa, pati yo ki nan konfli a vyole dwa malad yo ki merite bon laswenyay. Plis toujou pati yo ki nan konfli a vyole pwòp etik pwofesyonèl yo tou ki mande pou gen bon sèvis ijans nan ka konfli nan tout sikonstans. Nou pa santi gouvènman an angaje toutbon pou reponn bezwen fondalnatal popilasyon an, nan konbat lavichè ak degradasyon anviwònman an. Jistis ak Lapè apresye tout jefò k ap fèt pou genyen yon chita pale toutbon k ap mennen nan yon vre rekonsilyasyon nasyonal. Men, yon chita pale konsa pa dwe bliye okenn sektè nan sosyete a tankou : moun pòv, peyizan, ti machann, ouvriye ak tout lòt moun ki sou kote. Chita pale sa a, dwe fèt sou vrè pwoblèm peyi a tankou : gwo distans ant rich ak pòv, peyizan ak moun lavil, epi tout sa ki fè pi fò moun pa kab patisipe nan lavi peyi a. Yon dyalòg konsa pa ka fèt nan mache prese pou sèl rezon elektoral. Nan moman enpòtan sa a, nou swete pou tout Legliz la ak laprès ki gen divès tandans ladan yo, montre yo alawotè nesesite dyalòg sa a. Jistis ak Lapè ankouraje tout moun k ap fè jefò pou rekonsilye peyi a ak tèt li, pou yo kontinye mache nan chimen verite ak jistis, kote n ap sispann viv sou blòf ak divizyon. Se chanjman sa a tout Ayisyen ap espere. |
|
Se chans pou moun ki granfou ak swaf sa ki kòrèk
Se chans pou moun k ap travay pou moun viv ak kè poze !! |