Lèt tou louvri pou Premye minis Gérard Latortue ak Gouvènman tranzisyon an
Ekselans,
Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè salye ou ak anpil respè, epi, ansanm ak ou menm, li salye tout
Manm Gouvènman an ak tout moun bon volonte nan peyi a. Fèt fen dane yo toupre : Fèt Anivèsè
Endepandans peyi a ak Fèt Nwèl ki pou tout kretyen yon fèt Lapè ak antant nan mitan moun ak pèp yo,
gras ak Pitit Bondye a ki tounen moun nan mitan n.
Nou rive nan bout ane 2005 la. Lane a pa t fasil ditou pou pi fò moun nan peyi a. Sitou malere
yo genyen anpil pwoblèm : lekòl pou timoun, lasante pou lè gen maladi nan kay la, lavi chè pou divès
rezon ki chape pouvwa senp sitwayen yo. Talè peyi a ap antre nan yon pwosesis elektoral ki ta dwe
mete yon bout nan kriz peyi a. Se sa tout moun ta swete. Lane 2006 ki devan n, se yon ane ki
enpòtan pou Nasyon an.
Komite Direktè Nasyonal Komisyon Jistis ak Lapè a kwè anpil bagay dwe fèt pou chanje lavi peyi
a. Peyi a dwe rekonsilye ak tèt li. Sitwayen yo dwe rekonsilye antre yo. Laperèz ak mefyans dwe
kaba. Sitou, klas sosyal yo dwe rekonsilye youn ak lòt. Sa vle di : sa k gen pouvwa ekonomik,
politik ak sosyal dwe konprann : pa dwe gen sitwayen ki dwe sou kote nan peyi a. Pi gwo
rekonsilyasyon dwe sòti nan patisipasyon tout moun pou konstwi peyi a sou yon lòt baz.
Gen yon seri jès tou senp ki ta kapab fèt nan finisman ane a. Desizyon sa yo se pa bagay
espesyal, paske se bagay jistis yo ye. Sa vle di : yo dwe fèt kanmenm yon jou, paske yo touche
sa ki dwa sitwayen yo nan peyi a. Se jès jistis ki an menm tan kapab montre bon volonte ak kè
sansib nan finisman ane a. Paske, premye egzijans kè sansib la, se sa k jis ak kòrèk.
Komite Direktè Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè vle mete devan Nasyon an ak devan Gouvènman an
yon fason espesyal, kèk jès bon volonte, kèk jès jistis pou ede epi favorize lapè, rekonsilyasyon
ak byen viv ansanm nan peyi a, nan finisman lane 2005 la.
Nan finisman ane 2005 sa a, ki se yon ane ki te di pou anpil moun, sitou pou malere, Komisyon
an pwopoze pou Gouvènman an fè yon jefò pou peye tout areyere salè li dwe divès kategori moun
nan peyi a. Leta gen dèt anvè anpil moun.
Gen moun ki t ap travay sou ansyen administrasyon yo, anvan 29 fevriye 2004, ki pa
t jwenn salè Leta te dwe yo nan moman yo te revoke yo. Petèt y ap di sete djòb ak pòs
politik yo te ba yo. Motif angajman yon moun pa enpòtan lè se pou fè l jistis. Depi
yon moun nan sèvis Leta yon fason korèk ak regilye, Leta dwe l. Lè Gouvènman an chanje,
tout angajman ansyen Gouvènman an tonbe sou zepòl nouvo a. Se sa perenite Leta a vle
di. Se yon devwa jistis pou Leta a peye sa l dwe sitwayen yo. Se yon siy sans
reskonsablite li, lè yon Gouvènman reponn tout obligasyon l yo anvan l ale, san l pa
kite chay pou Gouvènman k ap vini dèyè l la. Lit n ap mennen kont enpinite ak koripsyon
an mande pou Leta reponn pwòp obligasyon l yo anvè sitwayen yo nan peyi a.
Gen moun nan divès sèvis, epi se administrasyon ki la yo ki te angaje yo, y ap
travay pou administrasyon Leta sa a, epoutan Leta dwe yo. Yo pa peye yo salè yo kòm sa
dwa chak mwa. Epoutan, salè yo touche a, se menm pa yon salè ki pèmèt moun viv. Nou
mande Gouvènman an pou l bay prèv sans reskonsablite li, etan l ap peye tout areyere
salè li dwe yo. Nwèl ak finisman lane a kapab yon moman pou fè sa ki jistis. Nou pale
sou Leta depi anba nan seksyon kominal yo, pase nan komin yo jouk anwo nan
administrasyon santral yo.
Nou pa pale sou pakèt lòt obligasyon Leta genyen toujou, sou pakèt pwomès
Gouvènman an gen tan fè, san yo pa t janm rive bout : afè dedomajman pou viktim
koperativ yo, afè dedomajman pou ti machann yo ki te pèdi sa yo te genyen nan divès
dife ki te genyen nan kapital peyi a, ak divès lòt pwomès ankò.
Nan finisman lane a nou gade tout moun ki nan prizon. Fèt endepandans peyi a ak Fèt Lapè
kretyen yo pa mande pou moun peri nan prizon yon fason ki pa kòrèk. Se vre, anpil moun nan
prizon paske genyen krim, kidnaping ak zak ensekirite k ap fèt nan peyi a. Genyen ankèt ak
envestigasyon Lajistis dwe mennen pou pwoteje sosyete a, epi pou fè koupab yo pran reskonsablite
yo devan sosyete a. Genyen jijman ki dwe fèt. Diyite moun, diyite viktim tankou koupab yo
mande sa. Men, plizyè moun nan prizon san pa gen yon chaj ki klè kont yo. Komisyon an pa mande
amnisti. Li pa mande favè. Li mande yon desizyon selon sa ki jis ak selon sa k kòrèk. Si pa
gen chaj kont yon moun ki detni, pou kisa yo kenbe l nan prizon ? Men, jistis la ki premye
egzijans kè sansib la genyen tout enpòtans li lavèy Fèt Lapè ak Endepandans peyi a.
Antouka, Komisyon an panse, moun ki nan detansyon, men ki pa kondane, yo sanse inosan. Ki
fè, yo gen dwa egzèse dwa sivil ak politik yo. Nou mande pou Gouvènman an, annakò ak KEP la,
pran tout mezi ki nesesè pou moun sa yo kapab patisipe nan eleksyon k ap vini yo, pou yo kapab
vote kòm sa dwa.
Tout sitwayen gen dwa viv nan yon anviwònman ki sen e ki pwòp. Nan finisman lane a,
lavèy anivèsè nesans peyi a, nou mande Gouvènman an, sitou Ministè Travo Piblik la ak Ministè
Anviwònman an, pou yo fè yon jefò espesyal pou debarase lari vil nou yo, kapital la ak vil
pwovens yo, anba pil fatra yo ye a. Nou pale sitou sou katye popilè yo ki peri anba
fatra. Moun pa merite viv ladan l. Yon nouvo jefò bò kote otorite yo pa p manke deklanche
anpil bon volonte bò kote sitwayen yo tou, paske tout moun renmen sa ki bèl, sa ki pwòp, sa ki
anfòm. Yon anviwònman ki anfòm pou viv ladan l, se yon dwa moun genyen, se dwa yon pèp, dwa yon
sosyete.
Mesye Premye Minis ak Manm Gouvènman an, peyi a soufri twòp anba enjistis, anba esklizyon, mete
moun sou kote ak vyolans. Kèk jès konkrè nesesè pou montre devan tout moun : genyen yon volonte
reyèl pou mete Rekonsilyasyon ak Lapè sou pye nan peyi a. Kèk mezi jistis anfavè sa k sibi yo kapab
yon premye siy ki montre aklè se rekonsilyasyon pou tout peyi a nou tout nou vle. Nou panse, nou pa
p kite okazyon sa a pase san kek jès ak zak pa poze nan sans sa a.
Pou Komite Direktè Nasyonal la.
P. Jean Hanssens, directeur
Port-au-Prince, 12 décembre 2005
Kopi : CEH, laprès, OPC, òganizasyon dwa moun.
|