Nòt pou laprès
Pòtoprens, 14 oktòb 2004
Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè pa byen konprann rimè kèk sektè nan sosyete a ap fè sikile kont prezidan Komisyon an, Monseyè J.S.
Miot.
Komisyon an te aprann nouvèl la ki anonse yo arete P. Gérard Jean-Juste nan kondisyon, ki selon enfòmasyon nou genyen, pa t fin respekte sa lalwa mande nan kondisyon sila a.
Komisyon an rete tennfas sou divès prensip li toujou ap defann :
Li mande pou pyès moun pa antre nan chimen akizasyon, rimè ak voye sispèk sou moun. Si yon moun fè sa k pa sa, si l angaje tèt li nan pratik ki pa kòrèk ak nan vyolans, fòk yo pote akizasyon yo aklè, devan otorite yo ki la pou sa, pou yo menm kapab pran reskonsablite yo, epitou, pou moun yo akize a kapab defann tèt li kòmsadwa, paske sa se dwa l.
Komisyon an mande pou tout arestasyon fèt selon sa lalwa mande, nan respè pou moun, nenpòt ki opinyon ak lide politik li genyen. Se prensip yon Leta kote tout moun egalego anba lalwa ki dwe sèl bousòl otorite yo.
Komisyon an mande otorite yo pou yo konbat tout fòm enpinite ak tout fòs yo. Si rèy enpinite sila a rete jan l ye a, koupab yo pa p janm dwe pran reskonsablite yo, men tou, inosan yo menm kapab viktim poutèt nenpòt akizasyon yo fè kont yo pou nenpòt rezon.
Komisyon an mande tout politisyen ak tout moun ki genyen reskonsablite politik nan peyi a nan moman difisil sila a, pou yo montre yo alawotè misyon yo epi pou yo mete enterè nasyon an anvan tout lòt bagay. Chimen vyolans lan pa mennen pyès kote. Se sèl soufrans, rayisab ak plis divizyon li pote.
Peyi nou an ak pèp nou an merite yon lòt avni. Ann adòpte pratik ki alawotè diyite peyi nou ak pèp nou an, epi ki louvri chimen lavi, devlòpman ak lapè.
Pòtoprens, 14 oktòb 2004 Pè Jan Hanssens
Dirèktè Jistis ak Lapè Nasyonal
|