![]() |
JILAP denonse zak vyolans kont Gwoup 184Pòtoprens, 14 jiyè 2003 Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè denonse ak tout fòs li zak entolerans ak vyolans ki te fèt kont gwoup 184 la nan Site Solèy, jou ki te samdi 12 jiyè 2003. Daprè Konstitisyon 1987 la ki se manman lwa peyi a, ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun peyi d Ayiti siyen, tout sitwayen genyen dwa pou bay opinyon yo, pou pwopoze lide yo, pou fè lòt konnen sa yo panse. Gwoup 184 la genyen dwa sa a tou, tankou tout lòt gwoup sitwayen ki nan peyi a. Komisyon Jistis ak Lapè denonse zak vyolans divès gwoup ki di yo pwòch pouvwa a, e ki di yo aji nan non li nan tout zak y ap fè nan Site Solèy. Jistis ak Lapè kondane san rezèv zak briganday menm gwoup sa yo te fè nan lekòl Salezyèn nan Site a. Komisyon Jistis ak Lapè ap mande : Eske patizan pouvwa a vle eleksyon toutbon vre nan peyi a, lè yon gwoup sitwayen ki pa gen menm lide ak yo pa kapab reyini jan yo vle, lè yo vle, kote yo vle ? dwa konstitisyon an ak tout lòt lwa ak konvansyon peyi d Ayiti siyen pwoteje. Komisyon Jistis ak Lapè egzije pou Fanmi Lavalas pran distans li yon fason ofisyèl ak vyolans ki te fèt nan Site Solèy, si se pa sa, tout moun va wè klè se li k ap ankouraje vyolans sa yo, se li k planifye vyolans ki te fèt jou ki te samdi 12 jiye nan Site Solèy, paske li asepte gwoup aji nan non l, san l pa pran distans ak yo. Pandan nou kondane tout lòt zak vyolans ki fèt nan tout lòt zòn ki nan peyi a, Komisyon Jistis ak Lapè mande yon lòt fwa ankò pou tout sektè chita ansanm dekwa pou nou kapab sòti nan kriz sa a k ap depafini ak peyi a e k ap plonje sila ki pi pòv yo nan plis mizè. Pou fini Komisyon an di " San Jistis pa gen lapè ; San lapè pa gen avni pou pèsonn. " Pòtoprens, 14 jiyè 2003 Pè Jan Hanssens Dirèktè Jistis ak Lapè Nasyonal |
|
Se chans pou moun ki grangou ak swaf sa ki kòrèk
Se chans pou moun k ap travay pou moun viv ak kè poze !! |