Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Nòt pou laprès



Pòtoprens, 9 desanm 2003


Ki kote peyi a prale ?

Komisyon Jistis ak Lapè a konstate sitiyasyon peyi a ap vin pi mangonmen chak jou. Sitou klima entolerans ak youn pa vle wè lòt ap monte. Otorite yo ki sanse reskonsab pou pwoteje lavi, libète sitwayen ak dwa moun parèt pami sa ki ankouraje klima entolerans sila a. Yo sèvi ak aparèy Leta a, ak enstitisyon yo ak gwoup ak zam pou fè travay sila a.

Komisyon Jistis ak Lapè a ap kondane ak fòs divès zak ki fèt nan dènye tan sa yo, tankou :

  • Vyole kote ki sakre yo, kote moun dwe santi yo an sekirite, tankou kay prive, legliz, lekòl ak inivèsite.



  • Vyole lavi ak libète moun. Plizyè dizèn moun viktim chak mwa vyolans k ap fèt nan lari san otorite yo pa pran mezi pou korije sityasyon sila a. Gen sitwayen menm ki viktim zak otorite yo ap poze.



  • Vyole dwa moun genyen pou di sa k nan lide yo yon fason lib, tankou lè represyon avèg t ap fèt kont manifestasyon nan lari, jou ki te 14 novanm ak 5 desanm ki fenk pase la yo.

Komisyon Jistis ak Lapè eksprime senpati li ak solidarite li ak tout viktim represyon sila a.

Jistis ak Lapè soutni pwotestasyon ak divès apèl otorite Legliz katolik t ap fè. Li pataje espwa yo nan kapasite pèp Ayisyen an genyen pou rezoud pwòp pwoblèm li yo.

Jistis ak Lapè kòm manm nan Platfòm òganizasyon ayisyen k ap defann dwa moun, soutni pwotestasyon Platfòm sila a.

Komisyon an pran nòt otorite Leta yo anonse yo mete sou pye yon komisyon ankèt sou evènman 5 desanm nan Inivèsite Leta d Ayiti. Nou mande yo bay yon delè klè pou komisyon sa a remèt rapò li. Men, Jistis ak Lapè fè otorite yo sonje, se pa nenpòt komisyon ankèt ki kapab retabli konfyans andan peyi a, sitou konfyans nan volonte otorite anplas yo ki di yo vle mennen peyi a sou wout tolerans ant divès lide ak konviksyon, sou wout yon eta dedwa kote tout moun respekte lalwa, sou wout demokrasi ki chita sou respè ak patisipasyon tout moun.



Pòtoprens, 9 desanm 2003
Pè Jan Hanssens
Dirèktè Jistis ak Lapè Nasyonal

Se chans pou moun ki grangou ak swaf sa ki kòrèk
Se chans pou moun k ap travay pou moun viv ak kè poze !!