Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Nòt pou laprès



Pòtoprens, jiyè 2003


Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè santi l estomake epi li esprime endiyasyon l apre akizasyon brital ak enjis Paul Raymond ak Rene Civil te fè kont evèk Legliz katolik yo, ak yon fason espesyal kont Monseyè Guyre Poulard ki se evèk dyosèz Jakmèl la.

Eske de chef OP a yo kwè vreman se nan voye monte y ap fè kòz pèp pòv nan peyi a vanse ?

Ki sa yo bezwen kache ak mòd atak brital sa yo, kèk jou sèlman apre evènman Site Solèy yo, kote moun kraze brize lekòl Pè Salezyen, paske yo te louvri pòt yo pou pèmèt yon òganizasyon sivil esprime lide l sou fason peyi a ta dwe mache ?

Ki sa pawòl yo dwe kache menm lè moun ap mete dife nan mache estasyon Mc Donald, menm lè dife ap detwi sa ti machann genyen nan ri Magazen Leta ? Mnem moman anpil malere men nan machwè, paske yo pa wè avni devan yo?

Ki Legliz TKL Jan Bòsko a ap reprezante, lè l konprann li kapab fè yon kòz vanse ak entolerans, britalite ak tout kalte akizasyon san fondman?

Eske se pa kounye a TKL Jan Bòsko a montre aklè li pa gen anyen awè ak Legliz la, ak yon kominote legliz, men li se yon gwoup politik?

Komisyon Jistis ak Lapè kwè, tout moun genyen dwa genyen lide l sou politik peyi a, li te mèt evèk nan Legliz la. Sèlman, pou fè politik yon fason ki pèmèt peyi a vin pi bon, genyen kèk bagay pyès moun, pyès gwoup, pyès pati politik pa kapab mete sou kote, tankou : verite ak onètete, respè pou moun ak tolerans anvè lòt lide, renmen sa k kòrèk ak kouray pou denonse manti ak vye mannèv.

Komisyon Jistis ak Lapè a mande reskonsab Lavalas yo tankou reskonsab Opozisyon yo tou, pou fè tout moun ki pale ak aji nan non yo toujou sonje prensip sa yo. Se yon kondisyon pou peyi a kapab sòti nan eta l ye a.



Pòtoprens, jiyè 2003
Pè Jan Hanssens
Dirèktè Jistis ak Lapè Nasyonal

Se chans pou moun ki grangou ak swaf sa ki kòrèk
Se chans pou moun k ap travay pou moun viv ak kè poze !!