![]() |
Mesaj Jistis ak Lapè Nasyonal nan okazyon Asanble Jeneral liMariani, 12 desanm 2003 Sòti madi 9 desanm pou rive samdi 13 desanm 2003, Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè a te òganize Asanble Nasyonal li kay Sè Fiy Lasajès yo nan Mariani. Tèm Asanble a se te : 2004, Ann rebati peyi nou an ansanm. Nan okazyon sa a nou te gade yon fason èspesyal ki jan sa ye ak laprès lakay nou. Nou te 60 (swasant) delege, ki te sòti nan 9 (nèf) dyosèz peyi a. Se te yon bèl eksperyans kote youn pataje ak lòt enfòmasyon sou sa ki pase nan diferan zòn yo. Nou te fè yon bèl egzèsis tou kote youn koute lòt, paske tout moun pa wè tout bagay menm jan. Ansanm, nou te di Granmèt la mèsi pou tout bèl travay Jistis ak Lapè rive fè nan rekonsilye moun ki gen konfli nan kominote yo, akonpaye pèp la k ap chèche lapè selon sa k korèk, denonse vyolasyon dwa moun ak fòme sitwayen yo sou diyite, dwa ak devwa tout moun genyen. Nan tout echanj nou te fè, men ki sa nou wè :
Aprè 200 lane endepandans, nou bezwen rebati peyi a. Pou sa fèt sou yon lòt baz nou dwe jwenn mwayen pou nou fè l ansanm: peyizan, etidyan, nèg save, otorite yo, legliz yo, moun ki gen mwayen ekonomik, pòv nan lari, gason kou fi, espesyalman jèn yo, epi tout moun ki gen bon volonte. Pou nou rebati peyi a, men kèk bagay ki dwe la, vle pa vle :
Jan sa te di nan Senpozyòm Legliz katolik Ayiti te fè nan okazyon bisantnè endepandans pèp ayisyen an, nan Lilavwa, sòti 20 pou rive 23 novanm 2003 : Nou bezwen konstwi yon nouvo mantalite. Nou vle tou pou yonn koute lòt, yonn sèvi lòt, pou n rive viv tankou frè ak sè. Sa vle di :
Komisyon Jistis ak Lapè a renouvle angajman l pou l sèvi pèp ayisyen an, ki se travay ansanm pou rebati peyi nou an. Se pou Lespri ki t ap dirije lavi Jezi a bay pèp ayisyen an tout benediksyon l ap bezwen pandan 3zyèm santnè istwa li k ap kòmanse an 2004. Pòtoprens, Mariani, 13 desanm 2003 |
|
Se chans pou moun ki grangou ak swaf sa ki kòrèk
Se chans pou moun k ap travay pou moun viv ak kè poze !! |