![]() |
Deklarasyon Fowòm sitwayen anPòtoprens, 27 sektanm 2002 Jou ki vandredi 27 sektanm 2002, Fowòm sitwayen pou refòm lajistis penal la an Ayiti te reyini pou twazyèm fwa. Plis pase 120 reprezantan divès sektè sosyal ak divès depatman peyi a te reponn prezan : avoka, jij, senp sitwayen, manm òganizasyon dwa moun, manm sendika travayè, moun ki sòti nan Nò, Nòdwès ak Nòdès, moun Latobonit, Sant ak Lwès, moun Grandans, Sid ak Sidès. Yo tout t ap kalkile sou sa k kokobe lajistis nan peyi a ak sou sistèm jistis peyi a bezwen. Pandan rankont la, nou te sezi tande dappiyanp, represyon ak menas k ap fèt kont laprès nan peyi a, sitou radyo Kiskeya, radyo Ibo ak kèk jounalis k ap travay nan lòt èstasyon radyo toujou. Pi gwo libète laprès, se youn nan ti rezilta batay pèp la apre 1986. Nou pa p pèdi l ankò. Konstitisyon peyi a garanti libète laprès sa a. Si kèk sektè nan sosyete a gen pwoblèm lè laprès mete ajisman yo aklè, oswa lè yo pa dakò ak fason y ap bay kèk nouvèl, gen fason lalwa prevwa pou regle bagay sa yo. Nou pa kapab dakò ditou ditou ak menas, dappiyanp ak kraze brize pou regle yon bagay. Nou kondane ak fòs fason yo fè laprès viktim chak fwa lè l ap fè travay li. Fowòm sitwayen an esprime solidarite li bay tout radyo ak jounalis ki blije viv anba menas. Tout sa se rezilta enpinite ak entolerans k ap anvayi sosyete nou an. Nou di yo : nou bezwen yo pou sosyete a ak peyi a fè pwogrè. Nou mande yo pou yo fè travay yo ak plis konpetans chak jou. Nou di otorite Leta yo : se devwa nou pou nou pwoteje laprès, se devwa n pou n kreye kondisyon pou asire endepandans li. Se devwa n pou kreye kondisyon ki pèmèt tout moun kab bay lide yo kòm sa dwa. Pinga kèk sektè nan sosyete a ta sèvi ak fòs pouvwa yo genyen pou fèmen bouch laprès. Nou mande tout otorite yo ki di yo bay laprès enpòtans, yo chak selon sektè konpetans yo, pou yo bay prèv sa y ap di a, etan y ap fè jistis vanse pou Jean L. Dominique, Jean-Claude Louissaint ak Brignol Lindor. Se komite kòdinasyon Fowòm nan ki siyen nòt sa a, nan non patisipan yo nan twazyèm rankont nasyonal Fowòm pou refòm lajistis. Pè Jan Hanssens Komisyon Jistis ak Lapè Jean-claude Bajeux Sant Ekimenik pou Dwa Moun Jean Lhérisson Ayiti Solidarite Entènasyonal |
|
Se chans pou moun ki grangou ak swaf sa ki kòrèk
Se chans pou moun k ap travay pou moun viv ak kè poze !! |