Un espace citoyen pour la promotion de la Réforme de la justice en Haïti

Chèche sou sit la :  

Akèy Ki sa Fowòm nan ye ? Metodoloji nou Kontakte nou Dokiman Fowòm nan Ajennda nou
Djakout Sitwayen Sistèm jidisyè ayisyen an Jan laprès wè aktivite nou

Ki sa Fowòm nan ye ?

Reyisit

Fowòm sitwayen an, a travè eksperyans li depi 2001 rive 2005, mete sou pye yon seri nouvo pratik k ap kontribye nan kontriksyon yon gouvènans demokratik ak yon Eta dedwa nan peyi a.

Anplis, li devlope yon vizyon demokratik epi fè pwopozisyon sou kesyon refòm jistis la.

Se konsa Fowòm nan reyisi :

  • rive yon dyalòg nasyonal sou tèm ;



    • dyalòg ant divès sektè nan sosyete sivil la sou kesyon refòm jistis la ;



    • ede sitwayen yo konprann pi byen kouman pou yo itilize dwa lapawòl yo pou yo kab vin gen pwòp vizyon pa yo sou leta ak lajistis ;



    • Estatistik yo montre ogmantasyon patisipan yo chak ane nan Fowòm yo (pa egzanp 5yèm fowòm nan te gen yen 5000 patisipan) ;



    • divès sektè nan sosyete sivil la vinn pran plis konsyans sou mak fabrik Pouvwa egzekitif la ki toujou sèvi ak Pouvwa jidisyè pou vyole dwa moun ;



    • devlopman zouti ekpètiz, analiz ak pwopozisyon.



  • Jwen yon antant sou pwopozisyon ki fèt sou refòm nan (pwopozisyon ki koumanse fèt depi 5yèm Fowòm nan (2004) epi k ap aprofondi nan dokiman teknik yo) ;



  • ekpètiz nan benefis sosyete sivil la : fè epi pibliye dokiman sou rezon ki fè Leta ak lajistis pa mache kòmsadwa ;



  • demokratize, ranfòse kesyon sitwayènte a nan sèvi ak lang kreyòl la pou trete kesyon teknik yo.


Ann diskite ansanm | Lyen | Intranet | Plan sit la
JILAP | HSI | CEDH