![]() |
|
| Akèy | Ki sa Fowòm nan ye ? | Metodoloji nou | Kontakte nou | Dokiman Fowòm nan | Ajennda nou |
| Djakout Sitwayen | Sistèm jidisyè ayisyen an | Jan laprès wè aktivite nou | |||
![]() |
Ki sa Fowòm nan ye ?
Objektif Fowòm nanObjektif Fowòm nan se rive fè sitwayen yo met lide yo ansanm epi fè pwopozisyon sou ki pi bon mannyè pou refòme sistèm lajistis la. Ak patisipasyon divès òganizasyon nan sosyete sivil la, Fowòm nan ap chèche enplike divès aktè nan refòm jistis la. Demach sa a fèt nan tèt ansanm ak reskonsab piblik yo pou mete anplas enstitisyon demokratik epi devlope kapasite pou fè pwopozisyon, tankou nan sa ki konsènen lajistis. Kidonk, Komite Koòdonatè a itilize metòd patisipativ Fowòm nan, paske se pi bon mwayen ki pèmèt sitwayen yo bay dizon yo sou refòm lajistis la. Nan sans sa a, divès atelye miltisektoriel ak atelye sektoriel òganize nan Pòtoprens tankou nan 9 depatman peyi a. Nan Pòtoprens, Fowòm nan travay ak sèt sektè kle tankou, la Près, Entèlektyèl, Sendika, òganizasyon dwa moun, Sektè lajistis, Sektè prive, Sektè peyizan, ki bay dizon yo sou tèm yo anvan Fowòm nasyonal yo reyalize. |