![]() |
|
| Akèy | Ki sa Fowòm nan ye ? | Metodoloji nou | Kontakte nou | Dokiman Fowòm nan | Ajennda nou |
| Djakout Sitwayen | Sistèm jidisyè ayisyen an | Jan laprès wè aktivite nou | |||
![]() |
Ki sa Fowòm nan ye ?
Istorik Fowòm nanDepi mwa sektanm 2001, plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la, nan kapital la tankou nan lòt vil depatman yo reponn prezan pou chita pale sou refòm jistis penal la an Ayiti. Premye Fowòm nasyonal te reyini nan mwa sektanm 2001. Nan moman sa a, patisipan yo te mete aklè ki sa lakòz sosyete sivil la dwe mele nan zafè refòm jistis la. Rankont dezyèm Fowòm nasyonal la te fèt nan dat 28 ak 29 jen 2002. Li te montre enpòtans diyite nan konstriksyon yon lòt pwosè penal. Patisipan yo te chita sou fason nouvo pwosè penal dwe pwoteje diyite moun. Rankont twazyèm Fowòm nasyonal la jou ki te 27 sektanm 2002 a, te gade fason jistis penal la mache nan peyi a ak fason yo trete moun ladan l. Sou baz sa a, twazyèm Fowòm montre ki refòm jistis nou bezwen. Tout lide sa yo te rantre nan dokiman sila : "Ki refòm jistis penal divès sektè sosyete a vle ?". Rankont katriyèm Fowòm nasyonal la te fèt jou ki te 26 sektanm 2003 sou tèm sila a : "Jistis ak demokrasi, chimen pou n tabli yon pwosè penal demokratik". Li te montre relasyon ki genyen ant demokrasi ak jistis. Katriyèm Fowòm nan te idantifye 5 pwoblèm kle ki lakòz lajistis pa mache kòm sa dwa nan peyi a :
Patisipan yo t ap etidye sa k mare demokrasi ak jistis ansanm. Konsa yo te wè nan yon demokrasi wòl yon jij genyen, se yon wòl abit epi li fè aplike lalwa pou rezoud tout konfli san gwo ponyèt. Senkyèm Fowòm nan fèt jou ki te 16 jiyè 2004 la sou tèm "Chimen pou n bati yon jistis ki granmoun tè li". Nan moman sa a patisipan yo te chèche konprann pi byen mak fabrik lajistis la ki pa granmoun tèt li. Patisipan yo te bay divès rezon pousa. Rezon fondamantal yo gen awè ak estati jij yo oswa ak mòd relasyon ki tabli ant pouvwa jidisyè ak lòt enstitisyon yo tankou, Egzektif la, Palman an, Kolektivite teritoryal yo e latriye. Fowòm nan idantifye epi pwopoze yon nouvo estati pou jij yo ak yon nouvo enstitisyon yo dwe mete anplas pou pèmèt jij yo granmou tèt yo oswa pou ranfòse sistèm lajistis la menm. Sizyèm Fowòm nasyonal la te fèt jou ki te premye avril 2005 lan te pèmèt nou reflechi ak diskite sou "Chimen pou n bati yon ankèt efikas kote yo respekte diyite moun". Dyagnostik ak pwopozisyon patisipan yo te fèt sou "ankèt yo pa janm abouti", apati senk endikatè ki konsènen mwayen, endepandans, separasyon fonksyon, patisipasyon moun ki nan pwosè a, reskonsabilite otorite ki vyole dwa moun nan ankèt la.
Istorik Fowòm nan sou powerpoint (an franse) |