Adhérez au Pacte pur la Réforme de la Justice

Chèche sou sit la :  

Akèy Ki sa Fowòm nan ye ? Metodoloji nou Kontakte nou Dokiman Fowòm nan Ajennda nou
Djakout Sitwayen Sistèm jidisyè ayisyen an Jan laprès wè aktivite nou

Metodoloji nou

Atelye sektoryèl yo

Nan Pòtoprens, rankont yo fèt ak chak sektè separeman. Yo rele yo atelye sektoryèl. Gen 7 sektè tradisyonèlman ki toujou patisipe. Se :

  1. sendika yo ak òganizasyon peyizan yo ;
  2. òganizasyon dwa moun yo ;
  3. òganizasyon fanm yo ;
  4. majistra yo (jij, komisè gouvènman) ;
  5. avoka yo ;
  6. sektè prive a, sa vle di antreprenè yo ;
  7. laprès, entelektyèl ak atis yo.

Komite Kòdonatè a, fè yon gwo jefò pou 6zyèm Fowòm nan, li te mete yon atelye anplis pou pèmèt pati politik yo patisipe tou. Se te yon gwo siksè. Kidonk, prensipal pati politik yo te reponn prezan. Nan rankont sila a, youn te koute lòt, sa montre kesyon refòm jistis la konsènen tout moun e nou dwe travay pou n gen yon jistis ki efikas epi ki respekte dwa moun.

Diskisyon ki fèt nan atelye yo tankou sa ki fèt nan atelye miltisektoryèl yo soti nan dokiman diskisyon ki prepare pou sa. Patisipan yo nan moman diskisyon an manifeste volonte yo pou chanje figi lajistis. Konsa, yo fè kontrandi atelye yo epi yo remèt yo bay Komite Kònatè a answit li fè yon dokiman pwopozisyon.


Ann diskite ansanm | Lyen | Intranet | Plan sit la
JILAP | HSI | CEDH