Une prise de position pour l'érection d'un Etat de droit, avec un processus irréversible de la responsabilité des actrices et des acteurs

Chèche sou sit la :  

Akèy Ki sa Fowòm nan ye ? Metodoloji nou Kontakte nou Dokiman Fowòm nan Ajennda nou
Djakout Sitwayen Sistèm jidisyè ayisyen an Jan laprès wè aktivite nou

Metodoloji nou

Atelye miltisektoryèl yo

An pwovens, aktivite yo rele atelye miltisektoryèl paske se divès sektè ki enterese patisipe ladan l. Pi fò moun ki patisipe nan atelye miltisektoryèl yo se peyizan paske 70% moun nan peyi a sòti nan seksyon kominal yo. Sepandan òganizasyon de baz yo, legliz yo, etidyan yo ak ansyean yo menm jan ak otorite piblik ak lokal yo toujou reponn prezan. Se kòdonatè depatmantal Fowòm nan ki sòti nan Jistis ak Lapè (JILAP) ki òganize rankont sila yo.

Kouman yon atelye miltisektoryèl òganize ?

Depi Komite Kòdonatè a fin prepare dokiman diskisyon an sou tèm patisipan yo te chwazi a, li òganize yon rankont yon rankont ak kòdonatè depatmantal yo pou diskite dokiman an. Kòdonatè yo mete yo dakò sou dokiman oubyen rejte tout oswa yon pati nan dokiman an. Nan ka sa a, yo dwe pase men nan dokiman diskisyon an.

Depi dokiman diskisyon an fini, Komite Koòdonatè a voye l bay kòdonatè depatmantal yo pou yo kab òganize atelye miltisektoryèl yo. Chak kòdonatè òganize pou pipiti 4 atelye nan depatman li. Chak atelye kab genyen 50 ak 60 patisipan. Chak fwa atelye yo ap fèt, patisipan yo toujou mete dyagnostik ki nan dokiman diskisyon an an paralèl ak eskperyans yo genyen nan sistèm nan. Yo bay lide yo epi yo fè pwopozisyon pou refòme jistis la.

Se kòdonatè a ki mennen deba yo epi li fè yon rapò pou chak atelye. Tout kòdonatè yo voye rapò chak depatman yo bay Komite Kònatè a.


Ann diskite ansanm | Lyen | Intranet | Plan sit la
JILAP | HSI | CEDH