![]() |
|
| Chèche sou sit la : |
| Akèy | Ki sa Fowòm nan ye ? | Metodoloji nou | Kontakte nou | Dokiman Fowòm nan | Ajennda nou |
| Djakout Sitwayen | Sistèm jidisyè ayisyen an | Jan laprès wè aktivite nou | |||
![]() |
Sistèm jidisyè ayisyen an
Tribinal de pè yoGen nan peyi a 189 tribinal de pè k ap fonksyone. Swivan Konstitisyon 29 mas 1987 la ak dekrè ane 1995 sou òganizasyon jidisyè a, chak komin ta dwe gen pou pi piti yon tribinal ki gen yon jij, yon jij sipleyan ak yon grefye. Chaj jij de pè yo enpòtan ak varye ; yo nan zafè sivil ak penal. Jij de pè egzèse tou fonksyon ekstrajidisyè. Sou zafè sivil ak domèsyal Tribinal de pè yo gen konpetans pou tande, an dènye resò, plent moun, plent mobilyè ki pa depase 25000 goud. Yo gen konpetans, men sèlman a chaj dapel, ka ki konsènen depasman lizyè, antrepriz ki komèt sou dlo pandan ane a, konplent ak lòt aksyon poseswa, konje, demand pou met fen nan kontra sou kay, ekpilsyon nan sa ki konsènen zafè lwaye, demand pou valide oubyen anile oubyen men leve sezi. Jij de pè a resevwa deliberasyon konsèy fanmi, moun ki responsab yon minè ak sibroje (titè, kiratè ak abit). Jij de pè a ka poze sele nan ka la lwa prevwa. Li ka drese pwosè vèbal tou sou tout ka ki konsènen pèt, avari machandiz ou sou tou ki fèt akòz fòs majè. Tribinal de pè yo la tou pou fè konsilyasyon. Sou zafè penal Nan zafè senp polis, jij de pè a gen konpetans pou trete kontravansyon polis, jij kòm tribinal polis. Jij de pè yo ka bay pèn ak tabli nan menm jijman an sou demann restitisyon ak domaj enterè. Gen apèl sou jijman polis nan tribinal koreksyonèl, sòf si amann yo, restitisyon yo ak lòt reparasyon sivil yo pa depase 50000 goud. Sou zafè koreksyonèl ak kriminèl Jij de pè a se oksilyè gouvènman an anmèmtan li se ofisye polis jidisyè. Li la pou resevwa plent sou deli ak krim ki komèt nan jiridiksyon li. Nan ka flagran deli oubyen nan ka apèl yon chèf mezon, jij de pè a drese pwosè vèbal, resèvwa deklarasyon temwen, fè vizit, redije ak ki se konpetans komisè gouvènman. Tribinal premyè enstans yo Gen 17 jiridiksyon jidisyè sou tout teritwa nasyonal la, nan dis depatman peyi a. Se : Pòtoprens, Kap ayisyen, Okay, Gonayiv, Jakmèl, Sen-mak, Ti gwav, Pòdpè, Jeremi, Ansavao, Aken, Fò libète, Ench, Mibalè, Grandrivyè dinò. ----------
|