![]() |
|
| Chèche sou sit la : |
| Akèy | Ki sa Fowòm nan ye ? | Metodoloji nou | Kontakte nou | Dokiman Fowòm nan | Ajennda nou |
| Djakout Sitwayen | Sistèm jidisyè ayisyen an | Jan laprès wè aktivite nou | |||
![]() |
Sistèm jidisyè ayisyen an
Tribinal espesyal yoGen lwa espesyal sou òganizasyon ak fonksyònman tribinal espesyal travay, tribinal pou timoun yo ak tribinal teryen yo.
Dekrè 30 jiyè 1986 la tabli tribinal sivil nan Gonayiv ak nan Sen Mak yon seksyon espesyal chaje pou l konnen kontestasyon ki konsènen tè ki depann de laplèn Latibonit. Chak seksyon konpoze ak twa (3) jij, ak de (2) sibtiti ak de (2) grefye. Lwa 3 sektanm 1979 enstitye nan Pòtoprens yon tribinal travay konpoze, pou syèj la, ak yon (1) prezidan, yon twa (3) jij ; pakè a li menm, gen yon (1) komisè gouvènman ak de (2) sibtiti. Tribinal travay la, ki gen syèj li nan Pòtoprens, gen konpetans pou l konnen tout kontansye sou zafè Dwa travay. Lwa 7 sektanm 1961 prevwa fòmasyon yon tribinal pou timoun nan jiridiksyon chak Koudapèl yo. Nan aplikasyon lwa sa a, dekrè 20 novanm 1961 kreye yon tribinal pou timoun nan Pòtoprens, pou konnen deli ak krim minè ki gen sèz (16) an. Nan tribinal pou timoun, gen de (2) jij pou timoun ak yon (1) jij entriksyon ki se manm pakè ak tribinal sivil Pòtoprens ; moun sa yo se Ministè lajistis ki delege yo. Konstitisyon 29 mas 1987 kreye yon jiridiskyon finansyè, administratif, endepandant, ki granmoun tèt li ; li gen konpetans pou l konnen litij ki enplike Leta ak Kolektivite teritoryal yo, Administrasyon ak Fonksyonè Piblik ak Administre yo. Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSA/CA) gen ladann Konsèy Kou a ak Lakou a. Konsèy Lakou a gen yon prezidan, yon vis prezidan ak Konseyè. Kantite manm Konsèy Lakou a pa ka depase dis (10) moun. Lakou a gen ladan l yon (1) Chanm sou zafè finansyè, yon chanm sou zafè administratif, yon (1) editora ak yon (1) grefye. -----------
|