Fowòm sitwayen pou refòm lajistis Adhérez au Pacte pur la Réforme de la Justice

Version française Chèche sou sit la :  ok

Akèy Ki sa Fowòm nan ye ? Metodoloji nou Kontakte nou Dokiman Fowòm nan Ajennda nou
Djakout Sitwayen Sistèm jidisyè ayisyen an Jan laprès wè aktivite nou

Logo du Forum citoyen

Sistèm jidisyè ayisyen an

  • Òganizasyon jidisyè ;
  • Tèks referans :
    • Konsititisyon Repiblik ayiti a
    • Kòd Enstriksyon kriminèl
    • ...
    • Deklarasyon Inivèsèl pou Dwa Moun (vèsyon PDF)
    • ... plis tèks referans
  • Konvansyon ak trete entènasyonal Ayiti ratifye :
    • ...

Ofis Pwoteksyon Sitwayen an (OPC)

Konstitisyon 1987

Daprè atik 207 Konstitisyon 1987 la, Ofis Pwoteksyon Sitwayen an se yon enstitisyon ki la pou l pwotege dwa tout sitwayen kont tout kalite abi administrasyon piblik la. Li se yon biwo nan leta a ki endepandan, sa vle di, li pa plase sou zòd ankenn lòt otorite.

Se yon sitwayen ki pote tit "pwotektè sitwayen" ki ap dirige ofis la. Li genyen yon manda 7 lane ki pa kapab renouvle. Tout sèvis ofis lA fèt gratis.

Pouvwa Ofis Pwoteksoyn Sitwayen an

Se dekrè 16 oktòb 1995 la ki fikse estrikti ak fonksyonman ofis la. Selon Dekrè sila a, Ofis la genyen 3 pouvwa. Yon pouvwa pou fè ankèt, yon pouvwa pou fè rekòmandasyon epi yon lòt pou fè pwopozisyon refòm.

Sou ki enstitisyon ofis la genyen pouvwa

Li genyen konpetans sou tout ministè yo, sou Kamèp, EDH, Lapolis, Téléko ak tout enstitosyon ki sou lòd yon ministè.

Ki jan ofis la resevwa plent

Sitwayen ki viktim abi administrasyon piblik la kapab vini nan biwo a pou depoze plent la. Konsa tou, viktim nan kapab telefone osinon ekri Pwotektè a. Pwotektè a gen dwa deside fè yon entèvansyon nan yon sitiyasyon san pèsonn pa pote plent si li wè yon sitwayen ou yon gwoup sitwayen kapab viktim. Lè biwo leta yo pa bay sitwayen sèvis yo merite, pwotektè a kapab fè entèvansyon tou.

Ofis la pa yon tribinal, li pa la pou l ranplase sa lajistis ap fè, li la pou l jwe wòl medyatè ant administrasyon piblik ak sitwayen yo. Men, lè pwosedi jidisyè a ap trennen, li kapab fè rekòmandasyon pou dosye yo kapab mache pi rapid.

Ki sa ofis la fè ankò

Ofis la fè visit prizon ak komisarya yo. Li antre tou nan tout aktivite ki marye ak pwomosyon dwa mou. Lè ofis la pa genyen konpetans pou l aji nan yon dosye, li ankadre viktim nan, epi ba li konsèy jiridik pou l rive konnen ki enstitisyon ki kapab rezoud pwoblèm li an.

Ofis la fè séminè sou edikasyon sivik pou asosyasyon ak tout gwoupman ki òganize nan lide pou tout sitwayen konnen dwa ak devwa yo.

Ki sa ofis pa kapab fè

Ofis la pa yon enstitisyon byen fezans ni li pa dwe fè entèvansyon lè konfli a konsène yon administrasyon prive. Ofis la pa dwe antre nonplis, nan konfli ant 2 sitwayen. Lè pwotektè a pa kapab aji nan yon dosye, li bay viktim nan bon jan enfòmasyon sou sa la lwa di sou ka pa li a.

-------------
DOKIMAN OPC

-----------
Plis enfòmasyon sou :


Ann diskite ansanm | Lyen | Intranet | Plan sit la
JILAP | HSI | CEDH